Nouvo nòt BRH la sou kredi bankè prezante kèk tandans enpòtan sou finansman sektè prive a pandan egzèsis fiskal 2025 la.
Nòt la montre kredi yo toujou konsantre nan kèk sektè ak kèk rejyon, pandan agrikilti a kontinye resevwa yon pati ki limite nan finansman bankè a. Li mete aksan sou difikilte kèk kliyan genyen pou ranbouse prè yo, ansanm ak diferans ki toujou egziste nan valè kredi fanm ak gason benefisye.
Dokiman an prezante tou mezi BRH pran pou soutni sektè pwodiktif yo epi akonpaye kliyan ki afekte yo nan kontèks ekonomik aktyèl la.
Li nòt la sou : https://www.brh.ht/wp-content/uploads/Note-sur-le-credit-bancaire-juin-2026.pdf








